TOOPY HAITI - Pa Gen Travay An Ven (lyrics)



Nouvo memo m met mo sou sou bit
Pou n f on dialogue dansant 
Ramne w a lòd piga w gaye 
Bouje an gran dansè
En grandisant san m pa djòlè
M kanpe an gran dizè
Mesaj mwen m ap véhiculer 
Malgre m pa en voiture

Comment me vois tu?
C'est la question Qui reviendra souvent
Histoire de mesurer la démesure 
Du progrès de mes mesures
Césure après césure je cizèle mon histoire
C'est sûr après ces sons se succès
K pral banm plas

Alò m vle di w gen rekonpans
Pa gen travay an ven
Men an prensip si w vle pou w jwenn
Fò w dakò bay anvan
Jou w wè m ap byen pase 
Sou do m pa di sotiz
Si w vle konn efò m fè gade kote m soti

Dabò lekòl m bay tan dabò lekòl m bay kè
M neglije kèk pastan pou m erije yon gratsyèl
Pou rèv ou vin reyèl se pa al li vèsè
Lavi pa fè w KADO menm jou ANIVÈSÈ W

M pa di w pran je fèmen
Sa m ap di la se pa syans
Men si siksè w vle sènen
Fò w gen pasyon ak pasyans
Par chance ou ka tonbe sou yon fortune tou fèt
Men tout fontèn ki pa gen sous aple pou sèch

Fò w ka konte sou fòs ou
Pou w pa tonbe sou fas ou
Pou w pa kraze figi w homie
Pou w pa koze soufrans ou
Fò w ka konte sou fòs ou
Pou w pa tonbe sou fas ou
Pou w pa kraze figi w homie
Pou w pa koze soufrans ou

Mwen m s on bon pitit GETO
Men m pa on pwodui GATE
Ni m pa jan m kenbe GITA
Si se pa pou m met GETE
Ou pa gen pou w febli pran towo a nan kòn
Malgre w pa janm FÈ BRI toujou RELE SOU KÒ W

Klike 👇🏾 pou w koute #PGTAV

Commentaires

Enregistrer un commentaire