TOOPY HAITI & Mardoché - Ann al nan vakans (lyrics)



Écoutez la chanson ici

Hook - Mardoché & TOOPY HAITI
Vakans vakans vakans vakans
Vakans vakans vakans weeee

Refren - Mardoché & TOOPY HAITI
Ann ale, ann ale, ann ale oooh
Ann al nan vakans
Ann ale, ann ale, ann ale oooh
Ann al pran plezi

Verse I – Mardoché
Mardoché
Depi w wè vakans met pye
Se yon lòt vayb li ye.
Ke w granmoun, kew ti moun
Ou ka avanture:
Ou ka al nan plaj,
Fè touris lokal,
Ou ka fè ti vwayaj.
Vakans pa mwen mwen pap pase li nan vil Pòtoprens.
Si ou bezwen m ou mèt al chache mwen an provens:
Ou a tcheke m nan Raymond (nan Jakmèl),
Ou a tcheke m  Port – Salut (nan Okay),
Tcheke m Milot, Lakou Souvnans, Sodo
Mwen pral trip ak fanmi m yo.

Refren  - Mardoché & TOOPY HAITI
Ann ale, ann ale, ann ale oooh
Ann al nan vakans.
Ann ale, ann ale, ann ale oooh
Ann al pran plezi.

Hook  - Mardoché & TOOPY HAITI
Vakans vakans vakans vakans
Vakans vakans vakans weeee

Verse II – TOOPY HAITI
That's Toopy
Nou pral desann à la champagne
Al respire lòt lè.
Konsome pwodui latè,
Nou pral bwè bon jan lèt.
Nan jaden bwè kokoye, plede manje mango
Lè reyon solèy la cho, n plonje nan basen dlo.
Nou pral fè yon valè trip, nou pral kanp’on bèl ekip
Nou pral jwe nan tout chanpyona.
N ap vire tankou touris, nou pral enjoy ti sourit
Menm si n pa g’on dola.
Nou prale kèk ti bal, nou prale nan fèt Ti Gwav
Nou pral nan fèt patronal.
Nou prale nan festival, pa bliye nou se zantray
Nan mitan n pa dwe gen bosal.

Refren  - Mardoché & TOOPY HAITI
Ann ale, ann ale, ann ale oooh
Ann al nan vakans.
Ann ale, ann ale, ann ale oooh
Ann al pran plezi.

Bridge – Mardoché
Oh oh oh oh (5 fois)

Outro – Mardoché
Ann al nan vakans, ann al pran pleziiii (bis)
Ann ale enjoy!!!


cliquez pour regarder la video



Téléchargez la chanson ici

Commentaires